Resansman Djaspora, yon inisyativ vanyan Tching Adams Réjouis (TAR), se yon pwojè vizyonè ki gen pou misyon kreye yon pon solid ant djaspora ayisyen an ak peyi manman an. Inisyativ sa a pa sèlman ap ede rekonèt ak konekte kapasite djaspora a, men li vize tou soutni Ayisyen yo k ap retounen, espesyalman sa yo ki viktim depòtasyon, pou yo jwenn yon fason entegre tèt yo nan sosyete a san yo pa oblije rekòmanse lavi yo nan zewo.
Depi plizyè ane, fenomèn imigrasyon fòse Ayiti pèdi yon gwo kantite entèlektyèl ak pwofesyonèl ki te ka pote kontribisyon esansyèl pou devlopman peyi a. Anpil jèn gason ak fanm, chaje ak talan, fòmasyon, ak rèv pou ede peyi yo, oblije kite tè natif natal yo akoz yon leta mal òganize, ensekirite, ak mank opòtinite. Lòtbò dlo, yo chache yon lavi miyò men souvan konfronte difikilte ki fè yo bliye rasin yo.
Olye pou retounen Ayisyen yo ap vin pote chay plis ensekirite, Resansman Djaspora ap mete zouti nan men yo pou yo vin aktè devlopman. Pwojè sa a pral pèmèt nou idantifye talan yo, bay fòmasyon, kreye opòtinite travay, epi asire yo jwenn sipò moral ak materyèl pou reprann lavi yo avèk diyite. Avèk yon estrikti solid, nou ka itilize konesans, eksperyans, ak konpetans djaspora a kòm motè pou avanse ekonomi peyi a pandan n ap konstwi yon sosyete ki pi ini ak pi fò. Sa se pa yon ti pwojè. Se yon mouvman pou montre ke nou kapab vire paj istwa ensekirite, divizyon, ak dezespwa a pou nou ekri yon nouvo chapit kote tout Ayisyen, kèlkeswa kote yo soti, ap pote kontribisyon yo nan devlopman peyi nou an. Resansman Djaspora se yon opòtinite pou tout Ayisyen reyalize rèv nou genyen pou Ayiti a: yon peyi ki kanpe byen sou pye li, ki rasanble tout pitit li yo, epi ki sèvi kòm modèl chanjman nan Karayib la. An n fè li ansanm!